POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 1ye oktòb 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

* * * DIFIZYON FOTO * * *

DONATÈ FONDASYON M-DCPS YO TE FETE NAN THE BETSY-SOUTH BEACH

Sipèentandan Lekòl Miami-Dade County Alberto M. Carvalho ak “Foundation for New Education Initiatives, Inc. (FNEI)” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon, Enk.) te prezante yon “Sware pou Edikasyon” yèswa sou teras otèl Deck of The Betsy-South Beach.  Nan gala dezèdtan an yo te selebre donatè ak sipòtè FNEI yo pandan yo t ap selebrete fòs ki gen nan patenarya yo.

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te kreye FNEI pou amelyore akonplisman elèv ak angajman kominotè pou sipòte Akademi Paran An ak lòt inisyativ edikasyonèl Lekòl Leta Miami-Dade County.  Pou aprann plis sou FNEI, vizite sit Entènèt yo a nan www.giveourstudentstheworld.org/

FNEI REKONÈT “THE BETSY-SOUTH BEACH”:  (goch-dwat) Dtè. Lawrence Feldman, Vis Chèman Komisyon Konsèy Lekòl; Dtè. Marta Pérez, Manm Komisyon Konsèy; Julie Williamson, Direktris Konsèy Administrasyon FNEI; Deborah Plutzik Briggs, The Betsy – South Beach; Natacha Munilla, Direktris Konsèy Administrasyon FNEI; Jonathan Plutzik, The Betsy-South Beach ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho.

 

###

14-DGD/079/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès