POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 3 oktòb 2014 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

GOUVÈNÈ LYETNAN FELISITE ELÈV LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY
DIRAN MWA ERITAJ ISPANIK

Gouvènè Lyetnan Carlos Lopez-Cantera felisite de (2) elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County pou redaksyon yo ekri e ladrès ar, nan mansyon Gouvènè a aswè a.  Evènman an se nan onè Mwa Eritaj Ispanik, avèk bi pou selebre kontribisyon,lidè Ispanik nan kominote a, edikatè ak elèv,kontinye ap bay nan eta a ak peyi a.

Daniel Fernandez, yon elèv nan Sant K-8 Devon Aire, te youn nan twa ganyan konkou redaksyon nan nivo 4yèm-5yèm ane eskolè. Fernandez pral resevwa yon bous pou kat ane nan yon Plan Kolèj Florid ki soti nan “Florida Prepaid College Foundation” (Fondasyon Peye Kolèj Florid Davans). Amanda Augsten, nan Lekòl Elemantè Coral Reef, te resevwa prim $250 pou konkou ar nan nivo Jadendanfan rive 1ye ane eskolè.  

Pou plis enfòmasyon sou konkou a, vizite http://www.floridahispanicheritage.com/essay.cfm?lang=en

 

###

14-DGD/080/DL/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès