POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 19 me 2014           

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

1,400 ELÈV M-DCPS KI GEN ANDIKAP PRAL RESEVWA PRIM ‘‘PALA+’’ YO PANDAN 10YÈM ANIVÈSÈ ‘‘WHITE HOT’’ PWOGRAM ‘MWEN KA FÈ L, OU KA FÈ L!’

KIYÈS: 
Lauren Darensbourg, Prezidan Konsil Bon Kondisyon Fizik, Espò ak Nitrisyon; reprezantan ki ap soti nan Miami HEAT, Miami Dolphins, ak Olenmpik Espesyal; ak 1,400 Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County ki gen andikap
KISA:
Prezantasyon “Presidential Active Lifestyle Award (PALA+)” (Prim Prezidansyèl Estil Lavi Aktif) pou 1,400 elèv, ki enskri nan pwogramI Can Do It, You Can Do It!(Mwen Ka Fè l, Ou Ka Fè l) dèske yo leve defi a.
KILÈ: 

Jedi 22 me 2014
11è dimaten pou 1è nan aprèmidi

KI KOTE: 
Felix Varela Senior High School
15255 S.W. 96th Street
Miami, FL 33196  
         
POUKISA:

Mwen Ka Fè l, Ou Ka Fè l” se yon inisyativ Biwo Andikap Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini devlope. Pwogram nan se yon pwogram kondisyon fizik/aktivite ki lye konseye ak elèv ki gen andikap.  Konseye a bay fòmasyon ak gidans pou asiste timoun pou yo vin aktif fizikman nan patisipe nan 30-minit egzèsis pa jou, pou 5-jou-pa-semèn, nan entèval 8 semèn.  Elèv ki gen andikap ki leve defi a resevwa patch ak sètifika Prim Prezidansyèl Lavi Aktif.  Yo te fè pwogram sa a pou adrese obezite anfantil ak dyabèt tip II yo jwenn tou lakay jèn ki gen andikap ki plis tandans pou yo pa aktif.   

Evènman sa a asosye ak Kanpay ‘‘Let’s Move’’ Madan Obama a e Konsil Bon Kondisyon Fizik, Espò, ak Nitrisyon Prezidan an sipòte li.
KONTAK:
Dtè. Jayne Greenberg, Direktris Distri, Edikasyon Fizik ak Konesans sou Sante nan 305-995-1963 oubyen pòtab: 305-310-8230.   

# # #

14-JS/082/HD/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès