POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 23 me 2014   

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

MIAMI-DADE DEVAN ETA A NAN MATEMATIK E LI AMELYORE NAN LEKTI ATRAVÈ DISTRI A POU NÒT FCAT 2.0 NAN TWAZYÈM ANE ESKOLÈ

Pèfòmans “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) nan Matematik depase eta a e li konstamman montre pwogrè nan Lekti atravè tout distri a, daprè enfòmasyon sou “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT) 2.0 Grade 3” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid 2.0 Twazyèm Ane Eskolè) yo pibliye jodi a.  Nan yon nòt pou laprès, “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) aplodi amelyorasyon Distri a.

Nan Matematik, elèv twazyèm ane Distri a kontinye devan atravè eta a, avèk 62 pousan elèv M-DCPS ki fè nòt 3 oubyen pi wo, konpare a 58 pousan atravè eta a. Elèv twazyèm ane eskolè M-DCPS pèfòme pi byen tou pase lòt gwo distri nan eta a nan Matematik FCAT 2.0.

An jeneral, elèv twazyèm ane eskolè Distri a amelyore nan Lekti FCAT 2.0, avèk pousantaj nòt 56 pousan nan Nivo 3 oubyen pi wo an 2014, konpare a 53 pousan an 2013. Pandan gwo pousantaj nòt elèv yo nan M-DCPS ogmante de 2013 a 2014, eta a rete menm jan nan Lekti.

Sipèentandan Miami-Dade Alberto M. Carvalho di, “Elèv nou yo demontre gwo siksè nan Matematik e yon pèfòmans estab nan Lekti, malgre defi divès elèv ki se moun ki ap aprann Anglè nou yo konfwonte… Nou konsyan de defi pi devan yo e n ap kontinye ofri opòtinite pou tout elèv nou yo amelyore.”

FLDOE pibliye rezilta Redaksyon FCAT 2.0 yo jodi a, avèk elèv 8yèm ane eskolè ki demontre pifò pwogrè. Nòt Redaksyon elèv 8yèm ane M-DCPS yo nan FCAT 2.0 ogmante an 2014, avèk pousantaj nòt 3.5 oubyen pi wo ki rive nan 53 pousan an 2014, ki te 49 pousan an 2013. Nivo amelyorasyon pou elèv uityèm ane eskolè de fwa sa nou wè atravè eta a. Anplis nòt elèv 4yèm ak 10yèm ane eskolè nan M-DCPS sou menm pye avèk kondisip yo atravè eta a.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte John Schuster nan 305-995-1126 oubyen jschuster@dadeschools.net

 

###

14-JS/083/DL/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès