POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 29 me 2014  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO CHWAZI SANT POU AR KOMINOTÈ LEKÒL MWAYEN SOUTH MIAMI KÒM LEKÒL MODÈL PRESTIJYE “ARTS ACHIEVE!” (FÈ SIKSÈ NAN AR!)
 

Resamman “Florida Alliance for Arts Education (FAAE)” (Alyans Florid pou Edikasyon Ar) nonmen Sant pou Ar Kominotè Lekòl Mwayen South Miami yon Lekòl Modèl “Arts Achieve!” (Fè Siksè nan Ar!). Lekòl Mwayen South Miami se youn nan sèt lekòl yo ap chwazi pou onè dezirab sa a.

Pwogram Lekòl “Arts Achieve!” onore lekòl ki ofri pwogram ar egzanplè, anbyans enstriksyonèl, pwogram entegrasyon ar, patenarya kominotè ak lòt faktè. Yon fwa yo chwazi yo, lekòl sa yo dakò pou kite vizitè ki vle amelyore oubyen ranfòse pratik edikasyon ar, vini nan lekòl yo pou yon peryòd twazan.

Sant pou Ar Kominotè Lekòl Mwayen South Miami ofri chak elèv opòtinite pou yo vin yon sitwayen responsab, entelijan atravè gran fanmi pwofesè, paran, elèv, lidè kominotè ak biznis ki ap travay e aprann ansanm nan yon anviwònman ki gen sekirite, ki gen sansiblite pou devlope konesans karyè, teknoloji, ar ak ladrès sosyal pandan yo ap konekte ak mond travay e planifikasyon endividyèl pou lavni. Lekòl la ofri pwogram ar ki gen ladan gwoup mizikal, ar difizyon, koral, dans, òkès, fotografi, teyat ak ar vizyèl.

FAAE se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki devwe pou amelyore, ranfòse e pwomote edikasyon ar nan Florid. Yo pral piblikman rekonèt Lekòl Modèl yo nan Somè pou Lidè Anyèl 20 jen an nan Orlando.

###

14-JS/085/DF/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès