POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 29 me 2014         

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN GWOUP ELÈV KI SOTI NAN DASH FINALIS NAN KONPETISYON NASYONAL POU EDE NOURI MOUN KI GRANGOU
 

Pandan ane lekòl 2013-14 la, elèv ki nan klas Istwa Mondyal Zudannie Nunez-Hernandez nan ‘‘Design & Architecture Senior High (DASH)’’ (Lekòl Segondè Desen ak Achitekti) pat sèlman gen opòtinite pou angaje yo nan leson sou Istwa Mondyal, men yo te gen chans pou aprann sou reyalite jounalye vil kote yo rete a. Elèv yo aprann kisa sa vle di pou yon sitwayen aktif e angaje.

Miami kapab chaje avèk gwo chato, restoran ekstravagan, sant komèsyal deliks men prèske 441,240 rezidan pa konnen ki kote, oubyen si, y ap jwenn pwochen repa yo.  Plis pase 140,000 timoun al dòmi grangou. Avèk estatistik ki fè anpil lapenn men se verite, isit nan Miami-Dade County, 17.8 pousan nan popilasyon an ap fè fas a ensekirite alimantè. Miami-Dade klase 11yèm county atravè peyi an tèm zòn metwopolitèn ki gen gwo pousantaj moun ki ap fè fas a ensekirite alimantè.  Reyalite difisil sa yo pouse elèv 9yèm ane eskolè DASH itilize talan yo pou ogmante konsyantizasyon e rasanble kamarad yo pou ede pote chanjman nan kominote yo a.  Elèv yo ekri chante, kreye travay atizay, desine logo, kreye eslogan, ekri esè, e yo menm kreye pwòp ‘‘hashtag’’(senbòl twitter) yo, tout sa nan yon efò pou pote konsyantizasyon sou pwoblèm grangou nan kominote yo a.

Yo kolabore ak ‘‘Camillus House’’ e avèk èd pwofesè yo, Madan Nunez-Hernandez, yo mete sou pye yon aktivite pla manje chak mwa ki soti nan lekòl yo. Elèv yo kolekte, an mwayèn, ase pla manje pou nouri 390 moun pa mwa.  Konsa jiska prezan, yo ede nouri plis pase 2,370 moun nan ane lekòl sa a sèlman.  Yo pran foto pla yo prepare lakay yo e poste yo sou medya sosyal avèk ‘‘hashtag’’ respektif yo: ‘‘#phantomfeeders.’’  Yo vini ak pla yo prepare lakay yo nan DASH e aprè ‘‘Camillus House’’ vin pran yo e yo bay gason, fanm, ak timoun ki vin devan pòt yo.  Ane pase sèlman ‘‘Camillus House’’ sèvi manm kominotè ki nan plis nesesite avèk plis pase 400,000 pla cho gratis.

Elèv yo rantre nan Defi ‘‘Lead2Feed’’ (Dirije pou Nouri Moun) nan, yon pwogram gouvènans ak yon nouvote, kòm konsantrasyon an se sou pwogram aprann rann sèvis.  Yo te bay elèv yo defi pou yo avanse pou jwenn yon solisyon pou grangou, e yo te motive pou leve kanpe e afime yo kòm lidè. Ane sa a, yo konsidere kòm finalis pwojè ‘‘Lead2Feed Challenge’’ elèv DASH yo ak kolaborasyon avèk ‘‘Camilus House’’ nan defi pou ede nouri moun ki grangou.

Lidè ekip “lead to feed” (gouvène pou nouri): (Goch a Dwat) Victoria Escobar (fotografi), Kourtney Lohn (editè videyo), Dillan Murillo (desinatè logo ekip la), Jessie Davila-Pahl (editè redaksyon), Samantha Perez (chantez) ak Zudannie Nunez-Hernandez

Moun ki pa nan foto a: Ari Mairena-Dannon (videyografi), Aidana Olmo (konpozitè chante) ak Azul Gurruchaga (editè redaksyon)

Moun Ki Fè Penti Orijinal sa a se: Faye Pindell

Moun Ki Fè Penti Orijinal sa a se: Cameron Velez

 

###

14-JS/087/VVL/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès