POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 8 oktòb 2014   

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LANSMAN PWOGRAM iSWIM SEKIRITE NAN DLO NAN LEKÒL ELEMANTÈ GREENGLADE

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Marta Perez, enstriktè iSwim, elèv nan premye ane eskolè Lekòl Elemantè Greenglade, paran ak anplwaye
KISA:

Lansman pwogram iSwim – yo dedye a pwomosyon pou kenbe jèn ansekirite atravè edikasyon sou sekirite, konsyantizasyon, e ladrès natasyon ak sekirite nan dlo.

KILÈ: 

Vandredi 10 oktòb 2014 9è dimaten

KI KOTE: 

Greenglade Elementary School
3060 S.W. 127th Avenue
Miami, FL 33175

POUKISA:

Evènman an make 40yèm anivèsè Pwogram Edikasyon Aprann Naje ak Sekirite nan Dlo distri lekòl la. Pwogram sa a se rezilta yon atik Dtè. Perez te pwopoze sou ajanda reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl jiyè 2014 la, pou kolabore avèk ajans lokal e asire yo anseye timoun ki pi jèn e ki pi vilnerab ladrès naje pou sove lavi yo.

VIZYÈL: Devwalman nouvo “iSwim Water Safety Poster” (Postè iSwim Sekirite nan Dlo)

Yo ap enstale yon pisin pòtab nan lekòl la pou elèv yo ka aprann naje

# # #

14-DGD/088/HD/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès