POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 6 jen 2014     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV AKADEMI FINANS JWENN YON AVANS KÒM FITI BANKYE

Karant-senk elèv Lekòl Leta Miami-Dade County ki soti nan plizyè lekòl nan Distri a pral gen opòtinite pou patisipe nan yon pwogram ete inovatif yo rele “Future Bankers’ Camp” (Kan Ete pou Fiti Bankye).  “CareerSource South Florida” (Sous Karyè Sid Florid) la ak plizyè bank lokal ranfòse angajman yo pou ekspoze elèv yo a karyè nan endistri sèvis finansye yo nan patwone pwogram nan.

Lekòl Biznis Kolèj Miami Dade ak Kan Sant Fòmasyon Finansye pou Fiti Bankye a pral prepare elèv ki enskri nan pwogram Akademi Finans nan lekòl segondè Barbara Goleman, Coral Gables, Coral Reef, Mater Academy East Charter, Miami Jackson, North Miami Beach, ak Miami Sunset. Pwogram ete a pral ofri elèv yo diferan opòtinite edikasyonèl ki pral amelyore ladrès matematik ak kominikasyon yo, ki gen ladan konplete yon pwogram estaj e resevwa sètifikasyon endistri ki evantyèlman vize preparasyon yo pou kolèj ak karyè. Inisyativ sa a sou menm liy tou ak patenarya distri lekòl la e patisipasyon li nan “One Community One Goal” (Yon Kominote Yon Bi) yo vize nan Plan Enplemantasyon Endistri a. 

Si yo fini pwogram nan avèk siksè, elèv yo ap elijib pou resevwa Sètifika Kesye Bankè “American Bankers Association (ABA)” (Asosyasyon Bankye Ameriken), “American Institute of Banking (AIB)” (Enstiti Ameriken pou Sèvis Bankè). Sètifika a, estanda endistri nasyonal sa a, satisfè demand edikasyonèl pou egzamen sètifikasyon “Institute of Certified Bankers (ICBA)” (Enstiti Bankye Sètifye) ofri.  Elèv ki gradye nan lekòl segondè ka travay tou pou jwenn yon “AS degree” (diplòm dezan kolèj) nan Sèvis Finansye.

Pwogram Akademi Finans Lekòl Leta Miami-Dade County a se yon manm “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal), yon rezo nasyonal akademi karyè pou sipòte devlopman jenès Amerikèn nan pou yo jwenn siksè pèsonèl ak pwofesyonèl nan lekòl segondè, edikasyon siperyè e atravè tout karyè yo.  Genyen 15 lekòl segondè nan Miami-Dade ki gen akademi karyè Akademi Finans.

Depatman Edikasyon Karyè ak Teknik M-DCPS bay elèv yo edikasyon karyè teknik kalite siperyè, enpòtan, li bay elèv yo ladrès ak konesans yo bezwen pou fè siksè nan kolèj ak karyè pou nouvo ekonomi an. Pou plis enfòmasyon, ale nan: http://dcte.dadeschools.net.

Nòt Editè a: Atachman Foto.

Fiti Bankye yo resevwa dosye yo e rankontre ak konseye yo nan resepsyon lansman ki te fèt nan Kolèj Miami Dade, Kanpous Wolfson.

 

###

14-JS/089/VVL/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès