POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 8 oktòb 2014  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS FÈ PATENARYA AVÈK PWOGRAM LIDÈ ELÈV “LEAD2FEED”   

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) fè patenarya avèk "Lead2Feed Student Leadership Challenge" (Defi Elèv K ap Dirije pou Nouri Moun) an kowoperasyon avèk “Lift a Life Foundation,Yum!” (Fondasyon Amelyore yon Vi), ‘‘Brands Foundation’’ (Fondasyon Brands) ak ‘‘Foundation USA TODAY Charitable’’  (Fondasyon Charitab USA TODAY).  Defi a ankouraje elèv lekòl mwayen ak segondè pou ranfòse ladrès yo kòm lidè atravè pwojè ki konsantre sou rezoud pwoblèm grangou, lokalman e globalman.  Elèv yo ap itilize prensip ki soti nan liv trè popilè David Novak Chèmann e CEO “Yum! Brands” ekri, “Taking People With  You: The Only Way To Make BIG Things Happen” (Mennen Moun Avèk Ou: Se Sèl Fason pou GWO Bagay Reyalize."

Lead2Feed se yon pwogram ki sou direksyon elèv-pwofesè, ki itilize yon pwosesis yo pwouve pou vin lidè pasyone, ak espri sèvis pou lavi.  Lead2Feed bay pwofesè leson ki baze sou pwojè gratis ki aliyen ak Estanda Eta Florid e ladrès 21yèm syèk yo.  Leson yo konsantre sou pwòp konsyantizasyon yo, travay ak lòt moun, etabli gwo objektif e idantifye yon òganizasyon charite nasyonal oubyen lokal pou ede, ki gen rapò ak grangou.
 
Ekip Elèv ki antre nan Defi Elèv K ap Dirije pou Nouri Moun gen yon opòtinite pou jwenn jiska $25,000 nan prim yo ka bay nan òganizasyon Etazini ki pa la pou pwofi  pou moun grangou e jiska $25,000 nan pwodui teknoloji pou lekòl yo Fondasyon Yum! Brands bay.  Pwofesè ki anrejistre ap resevwa yon liv lidè gratis: "Taking People With You” (Mennen Moun Avèk Ou) ak edisyon elektwonik USA TODAY pou klas yo itilize.

Nan dènye ane lekòl la, prèske 200,000 elèv lekòl mwayen ak segondè nan plis pase 850 lekòl te patisipe nan defi a nan tout peyi a.  Fondasyon Yum! Brands bay plis pase $250,000 nan prim lajan don pou 100 ekip elèv ki angaje nan pwogram charitab pou asistans piblik kont grangou nan Etazini.

“Miami-Dade’s Design & Architecture Senior High (DASH)” (Lekòl Segondè Desen ak Achitekti Miami-Dade) pwofesè Istwa Mondyal, Zudannie Nunez-Hernandez ap dirije, te plase an 2yèm nasyonalman nan Defi Elèv K ap Dirije pou Nouri Moun e li te bay Camillus House Miami yon chèk $5,000.  Ekip elèv la, “Phantom Feeders”, mete sou pye yon aktivite pla manje chak mwa pou moun vin pran nan lekòl yo.  Yo te nouri plis pase 2,370 moun nan ane lekòl la.  Elèv yo kreye konsyantizasyon sou ensekirite grangou lokal atravè postè, videyo e yo ekri yon chante.

Nou ka suiv pwogram nan sou Facebook, Twitter, ak YouTube nan lyen ki anba a:
Facebook: http://www.facebook.com/Lead2Feed
Twitter: https://twitter.com/LeadtoFeed
YouTube: http://www.youtube.com/lead2feed

 

###

14-DGD/089/DF/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès