POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 6 jen 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE RESEVWA SÈTIFIKA AKONPLISMAN POU EKSELANS RAPÒ FINANS

“Government Finance Officers Association of the United States and Canada (GFOA)” (Asoyasyon Ofisye Finans Gouvènmantal Ozetazini ak Canada) bay Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid, prim “Certificate of Achievement for Excellence in Financial Reporting” (Sètifika Akonplisman pou Ekselans Rapò Finans) pou “Comprehensive Annual Financial Report (CAFR)” (Rapò Finans Konpreyansif Anyèl) li pou ane fiskal 2013 la.  Sètifika Akonplisman sa a se pi gwo fòm onè nan domèn kontablite gouvènmantal e rapò finans, resevwa li reprezante yon akonplisman siyifikatif yon gouvènman ak jesyon li. Sa fè 29 ane konsekitif Distri a resevwa prim prestije sa a.

Se yon panèl san patipri ki jije CARF la pou satisfè pi gwo estanda pwogram nan ki gen ladan demonstrasyon “spirit of full disclosure” (espri transparans total) konstriktif pou kominike klèman istwa finans e motive potansyèl itilizatè ak gwoup itilizatè pou li CAFR la.

Yon òganizasyon ki pa la pou pwofi, GFOA sèvi apwoksimativman 17,500 pwofesyonèl finans gouvènmantal avèk biwo nan Chicago ak Washington D.C.

 

###

14-JS/090/VVL/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès