POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 14 oktòb 2014 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO SIYEN AKÒ KONPREYANSYON AVÈK ITALI

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak Konsil Jeneral Adolfo Barattolo te siyen renouvèlman yon “Memorandum of Understanding (MOU)” (Akò Konpreyansyon) ant “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ak Gouvènman Itali a jodi a nan Konsila Jeneral Itali nan Coral Gables.

MOU an vigè depi 2005, nan bay apwoksimativman 1,000 elèv M-DCPS enstriksyon nan lang Italyen. Renouvèlman MOU an bay elèv yo opòtinite pou yo vin konn li e ekri nan toude lang yo, Anglè ak Italyen. Yo ka pousuiv tou yon kourikoulòm akademik avèk yon konsantrasyon entènasyonal ki adrese estanda rijid nan sistèm edikasyonèl toude, Etazini ak Inyon Ewopeyen. Twa lekòl M-DCPS ofri yon pwogram doub nan lang Italyen: Lekòl Elemantè George Washington Carver, Lekòl Mwayen George Washington Carver, ak Akademi Preparatwa Etid Entènasyonal.

 

###

14-DGD/091/JS/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès