POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 15 oktòb 2014   

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DE ELÈV M-DCPS RESEVWA BOUSDETID EDIKASYONÈL NAN MEN FONDASYON BARBARA SENIORS HARKINS

Yo nonmen de (2) elèv Lekòl Leta Miami-Dade County kòm benefisyè  “Barbara Seniors Harkins Educational Scholarship” (Bousdetid Edikasyonèl Barbara Seniors Harkins) 2014 yo bay elèv ekselan nan Distri Sis “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), ki ap kòmanse premye ane kolèj yo.

Elèv ki elijib yo dwe prale nan premye ane kolèj yo. Kritè pou seleksyon an gen ladan, pèfòmans akademik, lèt rekòmandasyon, ak yon redaksyon kout. Jij yo te revize 20 aplikasyon e yo te chwazi benefisyè k ap suiv yo:

Ponce Jones, yon gradye Akademi Medikal Syans ak Teknoloji Lekòl Segondè Homestead, prale nan “Florida A&M University”; e Charmahan Webbe, yon gradye Lekòl Segondè Miami Carol City, prale nan “Lynn University” nan Boca Raton.  Yo chak resevwa yon prim $500.

Dtè. Barbara Harkins te yon edikatè M-DCPS pandan tout lavi li e li te kwè nan pouvwa anseye tout timoun. Elisia Harkins-James te etabli fondasyon ki te fèt nan non li an 2005 pou ede elèv ki defavorize nan zòn Sid Dade County Florid.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite sit Entènèt la nan: www.barbaraseniorsharkinsfoundation.org.

 

###

14-DGD/093/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès