POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 14 out 2012         

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS AP CHÈCHE ACHITÈK POU PWOJÈ AK KONPAYI JESYON  KONSTRIKSYON POU PWOJÈ  BON OBLIGASYON JENERAL 

MIAMI – “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pibliye yon “Request for Qualifications (RFQ)” (Demand pou Kalifikasyon) pou senk gwo pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) la Finanse.  Lekòl Elemantè Melrose, Lekòl Mwayen Kinloch Park ak Lekòl Segondè Miami Northwestern pral resevwa gwo modènizasyon ak renovasyon.  Yo ap ranplase Lekòl Elemantè Frederick Douglass ak Bunche Park avèk nouvo pwototip lekòl dènye kri.

Atravè demand sa a, M-DCPS ap chèche kounye a konpayi Achitekti/Jeni, ansanm ak konpayi “Construction Management at-Risk (CMR)” (jesyon konstriksyon ki gen mwens risk) pou egzekite pwojè ki nan lis anba a:  

  • Renovasyon bilding nan Lekòl Elemantè Melrose, Lekòl Mwayen Kinloch Park ak Lekòl Segondè Miami Northwestern.  Yo te gwoupe demand pou pwojè sa yo pou pwomote yon distribisyon ekitab nan travay yo.  Men bidjè konstriksyon pou chak lekòl:
    • Lekòl Elemantè Melrose - $4,630,375
    • Lekòl Mwayen Kinloch Park - $5,005,270
    • Lekòl Segondè Northwestern - $5,639,904

Demand aktyèl pou ranplasman bilding nan lekòl elemantè Frederick Douglas ak Bunche Park se pou konpayi Achetekti/Jeni sèlman.  Yo ap ouvri konpetisyon òf pou Travay konstriksyon nan pwojè sa yo nan yon lòt dat.  Men bidjè konstriksyon pou chak lekòl:

    • Lekòl Elemantè Frederick Douglass – $5, 153, 187
    • Lekòl Elemantè Bunche Park - $5,324,868

Tout pwojè sa yo gen ladan objektif soutretans obligatwa pou “Small Business Enterprise (SBE)/Micro Business Enterprise (MBE)” (Antrepriz Ti Biznis) pou asire konpayi SBE ak MBE lokal yo gen maksimòm opòtinite pou fè biznis avèk Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade, e pou ofri opòtinite egal pou tout segman nan kominote moun k ap fè kontra yo.  Pou yon kopi detaye RFQ a, silvouplè vizite: http://facilities.dadeschools.net/default.aspx?id=ae_solicitations.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Jaime G. Torrens, Ofisye Anchèf Fonksyònman Bilding Lekòl yo, nan 305-995-1401.    

###

14-JS/094/DL/CM   

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès