POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 16 oktòb 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN YON GRADYE MIAMI KILLIAN KÒM NOUVO PREZIDAN
UNIVERSITY OF FLORIDA

Yo nonmen W. Kent Fuchs, yon gradye nan Lekòl Segondè Miami Killian kòm 12yèm prezidan University of Florida aprè yon rechèch nasyonal pou pozisyon dezirab la. Msye. Fuchs ap ranplase Bernie Machen ki ap retrete an desanm.

Yo te chwazi Msye. Fuchs daprè solidite istwa akademik li. Li te ofisye administratif anchèf nan Cornell University anvan li te vin dwayen lekòl “Ivy League” (Gwoup Pi Gwo Inivèsite nan Nòdès Etazini) sa a. Rezime enpresyonan li a gen ladan peryòd travay nan Purdue University ak University of Illinois ansanm ak kòm yon pwofesè nan King’s Academy nan West Palm Beach.

Miami Killian gen yon istwa rich ki date depi 1966 lè l te premye ouvè.  Elèv li yo konstamman fè nòt nan nivo nasyonal oubyen pi wo nan egzamen estanda e nan egzamen pou antre nan kolèj. Pwogram magnet iPrep@Killian nan gen ladan youn nan pwogram edikasyonèl ki pi inovatif e ki pi avanse nan teknoloji nan peyi a. Pwogram nan ofri elèv yon kourikoulòm konesans ki rijid akademikman nan prepare yo pou admisyon nan pi gwo inivèsite atravè peyi a, e ki ofri yo opòtinite pou resevwa plis pase 30 kredi kolèj pandan yo toujou nan Miami Killian. Akademi Dwa lekòl la reprezante eta Florid la nan nivo nasyonal. Anplis, Miami Killian gen repitasyon pou l se sèl lekòl segondè avèk yon  “JROTC Presidential Honor Guard” (Gad Onè Prezidansyèl ‘JROTC’).

Nòt Editè a: Direktè Miami Killian, Thomas Ennis, disponib pou entèvyou. Silvouplè rele Biwo Relasyon Piblik la pou pwograme yon entèvyou.

 

###

14-DGD/094/DF/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès