POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 22 oktòb 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

ELÈV FÈ YON EKSPERYANS VETERINÈ PRATIK NAN LEKÒL
SEGONDÈ JOHN A. FERGUSON

KIYÈS: 
Elèv “Future Farmers of America (FFA)” (Fiti Fèmye ann Amerik) nan lekòl leta   Miami-Dade ak Broward
KISA:
Seminè sou Kabrit ki Pwodui Lèt “Youth Fair” (Fwa Jèn) nan Miami-Dade County patwone
KILÈ: 
Vandredi 24 oktòb 2014
8:00 dimaten pou 3è nan aprèmidi (pi bon lè pou medya – 10è dimaten)   
KI KOTE: 
John A. Ferguson Senior High School
15900 S.W. 56 Street
Miami, FL 33185
POUKISA:

Pandan anpil elèv ap pran yon jou konje lekòl nan vandredi, elèv ki patisipe nan chapit FFA nan Miami-Dade ak Broward County pral patisipe nan yon gran seminè ki ap fèt avèk kolaborasyon elèv pou resevwa fòmasyon sou endistri kabrit ki pwodui lèt la pandan y ap aplike sa yo aprann atravè eksperyans pratik e akademik.  Aktyèlman, elèv nou yo posede yon total douz kabrit, kat nan yo ansent.  

VIZYÈL:

-Senkant elèv ou plis pral fè entèraksyon avèk yon douzèn kabrit pandan yo ap aprann anatomi, pwopte e prepare kabrit yo, prezantasyon sou sèn,bezwen nitrisyonèl, etid sou parazit ak fason pou fè jijman/konfòmite

-Entèvyou avèk elèv e enstriktè  

# # #

14-DGD/096/TC/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès