POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 11 jen 2014    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

“OEO” “M-DCPS” BAY 400 TI BIZNIS LOKAL SÈTIFIKA
 

“Office of Economic Opportunity (OEO)” (Biwo Opòtinite Ekonomik) “Miami-Dade County Public School’s (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) anonse li resamman, pou premye fwa, bay 400 ti biznis lokal sètifika. Biwo a te kòmanse bay konpayi sètifika an avril 2013.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Ti biznis se san k ap koule nan venn lavi nan kominote lokal nou an, … Mwen fyè dèske M-DCPS kontinye plase yon priyorite nan devlopman ekonomik e agrandi ti biznis nou yo.”

OEO a ogmante efò ale jwenn ak teknik kominikasyon avèk òganizasyon kominotè, mèt biznis yo ak lòt gwoup sivik.  Nan tèt ansanm  ak Depatman Andwa ak Bizinis  Distri a, OEO a lanse kreyasyon Plan Kontra Kat-Fwa nan Ane, yon nouvo inisyativ pou kenbe piblik la enfòme sou opòtinite kontra ki pral soti. Inisyativ sa a ankouraje moun ki enterese fè biznis ak M-DCPS.  Anplisdesa, twa nouvo lyen estratejik ak Branch NAACP Miami-Dade, Inisyativ Fon Biznis Ispanik ak Sant Rezo Devlopman Ti Biznis, ogmante efò ale jwenn ak kominote a.

Brian Williams, Ofisye Devlopman Ekonomik, di,  “Jodi a reprezante yon gwo viktwa pou Lekòl Leta Miami-Dade County… Biwo nou an pran angajman pou bay konpayi lokal yo sètifika e pwomote vrè opòtinite kontra pou ede yo agrandi e elaji.”

OEO pwomote devlopman ekonomik e agrandisman tout kalite ti biznis, biznis Minorite atravè pwogram ba yo sètifika, pwogram ale jwenn kominote a revize kontra, siveye akitivite yo.  OEO ap lite pou asire ti Biznis, Biznis piti-piti ak biznis Minorite gen opòtinite maksimòm pou yo fè biznis ak Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County e ofri opòtinite egal-ego pou fè kontra ak tout segman nan kominote a.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite oeo.dadeschools.net oubyen kontakte Brian Williams nan 305-995-1307.

 

###

14-JS/096/DF/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès