POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 11 jen 2014 
 

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188


M-DCPS AKONPLI REKÒMANDASYON AKREDITASYON AVANSE

MIAMI – “AdvancEd/SACS CASI” rekòmande pou “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) resevwa distenksyon akreditasyon pou yon tèm senk ane. M-DCPS se pi gwo distri lekòl nan peyi a ki akonpli akreditasyon sa a, baze sou yon pwosesis revizyon pwolonje ki analize Kalite Endèks Edikasyon pou distri a.
Aprè yo te fin vizite plis pase 730 salklas e pale avèk plis pase 1,607 moun ki gen enterè, ki gen ladan elèv, pwofesè, direktè, manm Komisyon Konsèy Lekòl yo ak sipèentandan an, AdvancEd te anonse M-DCPS fè nòt pi wo mwayèn, kote li resevwa yon nòt jeneral 298.73, avèk nòt mwayèn atravè lemond ki se 282.45.  Yo te baze nòt la sou twa kategori diferan: ansèyman ak efè aprantisaj, kapasite gouvènans ak itilizasyon resous.

Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, "Sa a se yon lòt etap pou pi devan nan transfòme lekòl nou yo soti nan bon pou vin pi bon.  Mwen ekstrèmman fyè, men mwen rekonèt gen travay difisil devan pou nou…  Nou pap repoze deyè lonbraj twofe nou resevwa yo, men olyedesa, nou ap konsantre sou rekòmandasyon AdvancEd fè pou nou kontinye avanse pou pi devan nan aprantisaj 21yèm syèk la."

AdvancedEd se lidè global nan ofri amelyorasyon kontinyèl ak sèvis akreditasyon pou plis pase 32,000 enstitisyon k ap sèvi 20 milyon elèv atravè lemond.  Objektif li se devlope yon pwotokòl entènasyonal pou sistèm lekòl ki pran angajman pou amelyorasyon sistemik, sistematik e dirab.

# # #

14-JS/097/DL/SD

Retounen sou Nòt pou Laprès