POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 20 oktòb 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

ANTRENÈ “LINKEDIN” AP VIZITE
LEKÒL SEGONDÈ ALONZO AND TRACY MOURNING

KIYÈS: 
Elèv Akademi Karyè ki nan Fondasyon Akademi Nasyonal nan Lekòl Segondè Alonzo & Tracy Mourning
KISA:
M-DCPS pral premye distri lekòl nan Etazini k ap prezante yon sesyon “LinkedIn” (Kominikasyon ak Enfòmasyon) pou elèv kote elèv lekòl segondè pral aprann itilize “LinkedIn” pou ede yo navige e jere pwosesis pran desizyon pou kolèj yo. Pwofesè yo pral jwenn fòmasyon tou sou kòman itilize nouvo zouti ki vize elèv pou ede yo nan desizyon planifikasyon kolèj ak karyè.
KILÈ: 
Disponibilite medya: madi 21 oktòb 9è dimaten – 1è nan aprèmidi
KI KOTE: 

Alonzo & Tracy Mourning Senior High School
2601 NE 151 Street
North Miami, FL 33160

POUKISA:

Pou amelyore aprantisaj elèv yo nan ogmante angajman ak konesans debaz yo sou teknoloji nan sèvi ak yon resous rezo Entènèt pwofesyonèl ki asiste elèv nan devlope yon plan edikasyonèl aprè lekòl segondè.  Yo aliyen inisyativ sa a tou avèk patenarya e angajman distri lekòl la vize nan Plan Enplementasyon Endistri “One Community One Goal” (Yon Kominote Yon Bi). 

Avèk plis pase 300 milyon manm toupatou nan mond lan, ki gen ladan egzekitif nan chak konpayi “Fortune 500”, LinkedIn se pi gwo rezo pwofesyonèl nan mond lan. LinkedIn konekte pwofesyonèl mond lan pou fè yo pi pwodiktif e gen plis siksè. Li resamman entwodui yon seri zouti ki bay done rezilta sou karyè ki fèt pou ede elèv fè tranzisyon soti lekòl segondè pou kolèj e soti nan kolèj pou karyè avèk siksè.

“The National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) se yon rezo akademi tèm karyè trè renome ki ouvè pòt yo pou elèv lekòl segondè ki defavorize jwenn siksè nan kolèj ak karyè. Depi plis pase 30 ane, NAF ap rafine yon modèl ki bay prèv nan ofri jèn moun aksè a kourikoulòm ki baze espesifikman sou endistri, eksperyans aprantisaj ki baze sou travay, e relasyon avèk pwofesyonèl biznis. 

Pou plis detay, silvouplè kontakte Direktris Lisa B. Garcia nan 305-919-2000 oubyen Depatman Edikasyon Karyè ak Teknik nan 305-693-3030.



# # #

14-DGD/097/JS/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès