POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 16 jen 2014    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV M-DCPS MONTRE OGMANTASYON NAN NÒT FEN EVALYASYON NAN MATEMATIK, SYANS, DEPASE PA ETA A

MIAMI – Depatman Edikasyon Florid rapòte lendi a elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) montre amelyorasyon nan matematik ak sysans nan egzamen “End of Course (EOC)”  (Fen Kou).  Ogmantasyon pousantaj twa pwen nan toulè twa evalyasyon EOC matematik ak syans e depase pa eta pou ane 2013-2014.

Nan EOC Aljèb 1, ki obligatwa pou gradye lekòl segondè, 69 pousan elèv M-DCPS pase premye fwa yo pran egzamen an – pousantaj twa pwen pi wo pase pa kondisip yo atravè eta a.  Nan Biyoloji 1 ak Jewometri, yo fè nòt 66 pousan ak 63 pousan respektivman nan nivo 3 oubyen pi wo.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di,  “Mwen satisfè nou ap avanse nan bon direksyon, avèk avansman ki kontinye nan egzamen estandadize yo.” Li te ajoute, “Malgresa, nou pap poze jiskaske nou kab elimine diferans ki egziste nan akonplisman, pou nou kab akonpli rezilta maksimòm.”

 
Konsènan de syans sosyal, plis pase mwatye elèv nan M-DCPS ki te pran EOC Istwa Ameriken nan ane 2014 fè nòt nan Nivo 3 jisrive 5. Pandanpremye ane a nou te administre EOC nan Sivik, pousantaj elèv nan lekòl mwayen ki fè nòt nan tyè pi wo a te 32 pousan, ki te koresponn ak sa nou te atann yo.

###

14-JS/098/DL/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès