POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 21 oktòb 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP FÈ YON DEJENE POU
‘DIREKTÈ(TRIS) JODI A’

KIYÈS: 

385 lidè biznis ak kominotè Miami-Dade

KISA:

Dejene pou Lanse Direktè(tris) JODI A

KILÈ: 

Jedi 23 oktòb 2014
8è – 9:30 dimaten

KI KOTE: 

DoubleTree by Hilton Miami Airport Convention Center
711 N.W. 72 Avenue
Miami, Florida 33126

POUKISA:
Direktè(tris) JODI A kontinye tradisyon anyèl Lekòl Leta Miami-Dade County pou li angaje lidè biznis/kominotè pou sèvi kòm direktè(tris) lekòl. Dejene a ki fèt pou devlope patenarya biznis/lekòl ki benefisye elèv nou yo, ofri direktè(ris) ak lidè biznis opòtinite pou prepare pou jounen sèvis yo, jedi 30 oktòb 2014. Evènman an se yon patenarya avèk Bank of America ak lòt patwonè, ki gen ladan Davis Vision, Delta Dental, Houghton Mifflin Harcourt, MCM Corporation, Pearson ak United Way of Miami-Dade, e avèk sipò atravè Miami-Dade County.
KONTAK:
Arlene Martinez, Biwo Patisipasyon Paran, nan 305-995-3050 oubyen asmartinez@dadeschools.net.

# # #

14-DGD/098/GC/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès