POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 18 jen 2014      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN AN AP CHÈCHE FINANSMAN FEDERAL POU SIPÒTE EDIKASYON ELÈV KI FÈT NAN PEYI ETRANJE, ELÈV KI FÈK RIVE  

Miami – Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pral chèche asistans federal adisyonèl pou konplètman finanse pri pou sipòte bay elèv ki fèt nan peyi etranje edikasyon e asire Distri a gen resous nesesè pou edike elèv sa yo.

Siyale pa yon ogmantasyon nan imigrasyon Ozetazini fanmi avèk timoun e timoun tout laj ki vini poukont yo, Carvalho pwopoze Komisyon Konsèy Lekòl la nan reyinyon jen an pou distri a mande asistans federal pou asire Distri a prepare operasyonèlman pou l sipòte bezwen edikasyon elèv ki fèt nan peyi etranje.

Carvalho di, "Nou nan biznis anseye timoun kèlkeswa kote yo fèt, lang yo pale oubyen kondisyon sosyo-ekonomik yo... Genyen yon gwo feblès nan adrese kesyon sa a, donk nou ap chèche fon federal pou ogmante zouti ak resous pou n pousuiv misyon nou. 

Done enskripsyon “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) endike yon pik nan elèv ki fèt a letranje ki soti nan peyi Amerik Santral, espesyalman Honduras.  Distri a fè yon depans adisyonèl ki koute apwoksimativman $1,959 anplis montan FTE jenere pou bay elèv ki fèt nan peyi etranje sèvis nesesè ki soti nan fon lokal dola federal ak eta pa ranbouse.

 

###

14-JS/099/TTR/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès