POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 22 oktòb 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY ELIMINE 24 EGZAMEN

Lekòl Leta Miami-Dade County pral administre 24 egzamen an mwens ane sa a, aprè yon revizyon preliminè pwogram egzamen Distri a. Resamman, Kòmisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te adrese enkyetid yo sou kantite egzamen elèv yo fè fas chak ane nan rekòmande yon revizyon konpreyansif sou pwogram egzamen Florid la.

Aprè li fin fè yon revizyon pou idantifye repetisyon nan administre egzamen eta a mande/andose tradisyonèlman nan Miami-Dade, Sipèentandan Carvalho otorize ajisteman nan kalandriye egzamen Distri a ki pral abouti a mwens egzamen e jiska 260 minit tan adisyonèl nan klas – selon nivo ane eskolè elèv la. Yo te fè tout ajisteman yo anndan limit demand eta e federal ak resous ki egziste. Carvalho te resamman ekri yon papye kote li mande pou pratik evalyasyon ak responsabilite nan tout eta a fèt yon fason ki rezonab.

Carvalho di, “Aksyon sa a dwe pote soulajman pou paran ak edikatè ki enkyè konsènan kantite egzamen egzajere elèv yo fè fas e tan egzamen sa yo pran sou enstriksyon enpòtan salklas... Mwen swete aksyon lokal sa a pral abouti a yon analiz plis an pwofondè Eta a sou pwogram egzamen li mande.”

Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman di, “Komisyon Konsèy la ak mwen selebre ansanm ak Sipèentandan an restitisyon tan enstriksyonèl enpòtan sa a bay elèv ak pwofesè yo avèk eliminasyon pridan 24 evalyasyon sa a.” Revizyon an lakoz chanjman k ap suiv yo nan kalandriye egzamen an:

• Anplis evalyasyon Debaz Distri, yo te retire nan kòmansman ane lekòl sa a, yo anile administrasyon Evalyasyon Tanporè Otòn ak Ivè yo.

Olyedesa, yo pral administre yon “Mid-Year Assessment (MYA)” (Evalyasyon nan Mitan Ane).

  • Yo pral administre MYA Redaksyon/Lekti Anglè ak Matematik yo anvan Konje Ivè a.
  • Yo pral administre MYA Syans ak Etid Sosyal yo nan kòmansman janvye.

Yo ranvwaye FAIR-FS ane eskolè K-8 pou dezyèm ak twazyèm peryòd administrasyon (AP2 ak AP3).

  • Yo pral administre “i-Ready” (mwen prepare), yon evalyasyon dyagnostik yo ap itilize deja, pou satisfè demand seveyans pwogrè nan 3yèm-8yèm ane eskolè.
  • Kontrèman ak FAIR-FS nan ane eskolè K-2, i-Ready se yon dyagnostik yo fè sou òdinatè ki pa mande administrasyon fas a fas pwofesè/elèv.
  • Administrasyon FAIR-FS 9yèm – 12yèm ane eskolè pral rete jan yo te pwograme li anvan.

• Pou elèv, sa reprezante mwens tan yo pase nan egzamen, e plis tan disponib  pou enstriksyon. (Wè tab anba a)

ANE ESKOLÈ

Rediksyon tan yo estime nan egzamen

3yèm, 4yèm, 6yèm ane eskolè

150 minit

5yèm, 8yèm ane eskolè

260 minit

7yèm ane eskolè

240 minit

9yèm - 11yèm ane eskolè

75 minit

EOC

90 minit

###

14-DGD/100/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès