POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 5 novanm 2014  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

TOUNWA LOEWS MIAMI BEACH POU SELEBRITE GÒLF POU BENEFISYE
FONDASYON NOUVO INISYATIV POU EDIKASYON, ENK.,
VANDREDI 7 NOVANM 

Tounwa Gòlf Selebrite Loews Miami Beach pou benefisye DonorsChoose.org ak Fondasyon Nouvo Inisyativ pou Edikasyon, Enk., yon òganizasyon sipò dirèk “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), pwograme pou fèt 7 novanm 2014, kòmanse a 7:45 dimaten pou 3:30 nan aprèmidi, jwèt gòlf la ap kòmanse 8:30 dimaten, nan Miami Beach Golf Club, ki lokalize nan 2301 Alton Road nan Miami Beach.
 
Yo pral mete patisipan tounwa yo an pè avèk kèk nan pi gwo non nan espò, kòmanse sou atlèt ak antrenè rive sou kòmantatè radyo. Jwè gòlf selèb ki ap patisipe yo gen ladan Marcus Allen, Shane Battier, Julius Erving, Joey Fatone, Alonzo Mourning, Ahmad Rashad, Jason Taylor, ak plizyè lòt.
 
Yo pral itilize pwofi tounwa yo pou amelyore akonplisman elèv atravè “mini-grants” (ti don) pwofesè yo.
 
Pou plis enfòmasyon oubyen pou vin yon patwonè, kontakte Diana Venturini nan 305- 995-1367 oubyen dventurini@dadeschools.net. Pou konn plis sou Fondasyon Nouvo Inisyativ pou Edikasyon an, vizite www.giveourstudentsthe world.org 

###

14-DGD/101/TC/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès