POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 24 jen 2014        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO ONORE ELÈV M-DCPS POU AKONPLISMAN YO NAN MIZIK

MIAMI – Yo te prezante twa elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) avèk “2014 Bob Novack Music Award” (Prim Mizik Bob Novack 2014) ak yon bous etid pou felisite e enspire yo pou yo kontinye pwogrese nan mizik. Najuma Hanchard ak Matteus Cobo toude ale nan Sant K-8 Ruth K. Broad Bay Harbor ak Mahitte Kaisaal ki fèk gradye soti nan Lekòl Mwayen Nautilus.

Najuma se premye “cellist” “String Orchestra” (Òkès Enstriman Akòd) lekòl la e li pèfòme avèk “Advanced Bobcat Guitar Ensemble” (Ansanm Gita Avanse Bobcat). Matteus jwe bas doub nan Òkès Akòd lekòl la e li se gitaris ki devwe.  Matteus jwe gitaris dirijan tou nan pèfòmans “rock” mizik klasik pandan rasanbleman prezantasyon prim lekòl la e nan seremoni ki te fèt nan Lekòl Segondè Miami Beach.  Mahitte se yon pati enpòtan nan ansanm Jaz ak Gita nan Nautilus pou de ane. Li te genyen tou plizyè konpetisyon pyano e li fè plizyè prezantasyon nan kominote a.

Chak ane, anplwaye mizik nan lekòl leta lokal yo chwazi elèv ki sipèb, ki gen talan e ki motive. Yo prezante Prim Bob Novack nan memwa defen Bob Novack, ki te yon mizisyen tout vi li, yon lidè fanfa ak edikatè mizik.  Li te pèfòme avèk bann fame atravè peyi Etazini an, ki gen ladan Bann Glenn Miler. Li te dirije Òkès Bob Novack la nan Sid Florid pandan karant ane.

 

###

14-JS/101/DL/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès