POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 27 jen 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS OUVÈ YON NOUVO LEKÒL SEGONDÈ CAMBRIDGE NAN HOMESTEAD
Premye lekòl segondè ki pral eksklizivman ofri elèv li yo yon Pwogram Avanse Cambridge

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap ouvè Sant pou Edikasyon Etid Entènasyonal: Yon Lekòl Asosye Cambridge, yon nouvo, youn nan kalite enkonparab lekòl segondè nan Homestead prentan sa a. 

Sant pou Edikasyon Entènasyonal: yon Lekòl Asosye Cambridge ap ofri elèv ki trè motive avèk yon kourikoulòm akademik rigoure ki ka fè yo jwenn yon ‘‘Advanced International Certificate of Education (AICE)’’ (Diplòm Sètifika Edikasyon Entènasyonal Avanse).  Elèv ki nan Pwogram Diplòm AICE pral fè eksperyans yon edikasyon global pandan yo ap devlope yon konpreyansyon apwofondi sou sijè matyè yo. Yo aksantye sou devlopman ladrès ekri, analiz panse kritik pandan y ap aprann fason pou konbine enfòmasyon e reflechi sou rezilta yo.

Elèv yo kontan fleksibilite pou chwazi kou ki sou menm liy avèk objektif edikasyon ak travay yo.  Yo devlope abilite pou aprann endepandamman, pou travay kolaborativman, e pou konprann pwoblèm nan divès pèspektiv. Vizyon Cambridge la se pou tout elèv "vin konfidan, responsab, reflektif, inovatif e angaje."

Cambridge, ki se pi gwo founisè mondyal pwogram edikasyon entènasyonal K-12, se yon modèl global pou ekselans akademik atravè estanda rigid ak atant wo.  Yo rekonèt li kòm yon lidè edikasyonèl nan 160 peyi, avèk pwogram nan plis pase 9,000 lekòl e li fè pati nan pwogram renome Inivèsite Cambridge Ann Angletè.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite www.centerforinternationaleducation.org

Apwopo Sant pou Edikasyon Entènasyonal: Yon Lekòl Asosye Cambridge
Yo ap re-anvizaje Lekòl Mwayen Campbell Drive pou ofri elèv lekòl segondè yo yon pwogram solid, akselere e anrichisan atravè Pwogram Avanse Cambridge la.  Etablisman sa a tou pral yon sant fòmasyon modèl pou distri a pou tout lekòl Cambridge nan Lekòl Leta Miami-Dade County, an patenarya avèk Egzaminasyon Entènasyonal Cambridge yo.

 

###

14-JS/102/DF/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès