POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 27 jen 2014      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN LEKÒL ELEMANTÈ HOWARD DRIVE CHANPYON MONDYAL“ODYSSEY OF THE MIND

Yo plase resamman Lekòl Elemantè Howard Drive an premye nan Final Konpetisyon Mondyal “Odyssey of the Mind” (Vwayaj Sèvo) nan Iowa State University.

Ekip chanpyona a gen ladan Alex Eum, Matthew Lamas, Andres Laventman, Leah Melendez, Kennedy Todd, Lorenzo Vinueza ak Sofia Vinueza. Yo te fè konpetisyon kont 61 lòt ekip yo pou genyen divizyon 1.

“Odyssey of the Mind” se pi gwo konpetisyon edikasyonèl entènasyonal elèv pou rezoud pwoblèm nan mond lan.  Ekip ki soti atravè tout Etazini ak plis pase 25 peyi te patisipe nan pwogram nan.  Odyssey ankouraje ladrès panse kreyatif kay elèv yo atravè aktivite rezoud pwoblèm.

 

###

11-JJS/445/HD/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès