POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 1ye jiyè 2014      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DIREKTÈ M-DCPS GRADYE NAN AKADEMI DIREKSYON PRESTIJYE KOMISYONÈ A

De direktè nan Lekòl Leta Miami-Dade County, Michael Lewis ansyen direktè Lekòl Segondè North Miami, ak Melissa Mesa, direktris Sant K-8 North County, se de (2) resan gradye nan Akademi Direksyon Komisyonè “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) la.

Yo te chwazi direktè yo pou patisipasyon yo nan Akademi an an rekonesans pou ladrès direksyon yo e paske yo pami 50 direktè ki gen pi gwo pèfòmans nan Florid.

An patenarya avèk FLDOE, Chanjman pou Konsil Edikasyonèl deziyen Akademi Direksyon Komisyonè prestijye a pou ogmante fòs ak kapasite direksyon patisipan yo e pou kontinye ogmante devlopman pwofesyonèl yo.

Eksperyans pandan tout ane a te pèmèt direktè yo ogmante siksè yo e enfliyanse kapasite direksyon kolèg nan nivo distri ak eta a.  Lewis ap sèvi kounye a kòm Direktè Administratif Biwo Transfòmasyon Edikasyonèl la.

Se Carnival Cruise Lines, Florida Blue ak Publix Super Markets Charities ki patwone Akademi Direksyon Komisyonè a, ki afekte 750 direktè ak kandida pou vin lidè lekòl, e yon estimasyon 300,000 elèv pandan dezan ki sot pase yo.

Melissa Mesa
Michael Lewis

 

###

14-JS/104/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès