POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 29 oktòb 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL SEGONDÈ NORTH MIAMI BEACH RESEVWA DON TEKNOLOJI $45,000

Lè elev Lekòl Segondè North Miami Beach te retounen pou nouvo ane lekòl la, yo te jwenn
pwofesè souriyan pou akeyi yo, nouvo plan leson, kreyon N. 2, ak nouvo teknoloji nan salklas yo.  Lekòl Segondè North Miami te youn nan de (2) gayan gwo prim yo te bay nan 12yèm Anyèl “Win a Wireless Lab Sweepstakes” (Lotri pou Genyen yon Laboratwa Sanfil), nan men CDW-G, youn nan founisè prensipal pou solisyon teknoloji ak sèvis pou edikasyon, gouvènman ak swen sante, ak “Discovery Education”, founisè prensipal kontni dijital ak devlopman pwofesyonèl pou salklas K-12yèm ane eskolè.

Lekòl Segondè North Miami Beach te resevwa $45,000 nan don pou teknoloji, ki gen ladan
devlopman pwofesyonèl sou plas nan men CDW-G ak Discovery Education e yon $5,000 prim medya dijital nan men Discovery Education.  

North Miami Beach gen gwo plan pou laboratwa teknoloji li a, nan pataje resous pami salklas sou istwa Etazini.  Randy Milliken, direktè Lekòl Segondè North Miami Beach di, “Nou pran angajman pou nou itilize resous sa yo pou reyalize pi gwo enpak sou aprantisaj elèv…  Nou responsabilize pwofesè nou yo pou yo devlope plan leson ki entegre teknoloji nan fason ki fè sans, pou amelyore enstriksyon ak akonplisman elèv.” 

Yo te seleksyone lekòl yo sou fòm tiraj osò, pami plis pase 417,000 lekòl nan 50 eta ak Distri “Columbia”.  Depi yo te kreye li, “Win a Wireless Lab Sweepstakes” bay prèske $2 milyon nan teknoloji salklas, ki gen ladan salklas mobil konplè yo enplemante nan 33 lekòl atravè 21 eta.

###

14-DGD/109/TC/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès