POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 30 oktòb 2014 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

***DIFIZYON FOTO***

LIDÈ KOMINOTÈ, LIDÈ BIZNIS PATISIPE NAN EVÈNMAN ‘DIREKTÈ JODI A’

Plis pase 385 lidè biznis e kominotè Miami-Dade te patisipe nan evènman “Principal TODAY” (Direktè JODI A) nan lekòl atravè distri a.  Evènman sa a ap kontinye avèk tradisyon anyèl Lekòl Leta Miami-Dade County pou angaje lidè biznis/kominotè pou sèvi kòm direktè lekòl.  

Direktè JODI A ofri direktè ak lidè biznis opòtinite pou devlope patenarya biznis/lekòl dirab ki ap benefisye elèv nou yo.  Evènman an se yon patenarya avèk Bank of America e lòt patwonè, ki gen ladan Davis Vision, Delta Dental, Houghton Mifflin Harcourt, MCM Corporation, Pearson ak United  Way Miami-Dade, e avèk sipò tout chanm yo atravè Miami-Dade County.

Summer Knowles, ki soti nan CBS4 ap distribye sirèt kòm Direktè JODI A nan “Primary Learning Center (PLC)” (Sant Aprantisaj Primè), a goch li se Dtè. Alberto M. Carvalho, Sipèentandan Lekòl e direktè PLC.

Chèf Polis Ian A. Moffett, pandan l ap travay kòm Direktè JODI A nan Lekòl Elemantè Paschal   Olinda, ap ri avèk Dtè. Hallan, Asistan Direktè (nan mitan) e Direktè Adrian Montes.

(soti a dwat rive a goch) Alfredo Montero, pwopriyetè yon kamyon manje avèk Geraldine Villoch   ki soti nan “Villoch Insurance” ki mennen kamyon an kòm yon amizman espesyal pou elèv yo pandan travay li kòm Direktè JODI A, Direktris Lekòl Elemantè Kensington Park Angie Fleites ak Liliana Caballero ki soti nan “Infiniti Auto Insurance”.

(goch a dwat) Linda Swacina ki soti nan Depatman Sekirite Teritoryal pandan evènman Direktè JODI A, ansanm avèk Dtè. Cynthia, direktris, Asistan Direktè Lavances Wright-Rolle ak Dtè. Maritza Guardiano, Asistan Direktè.

Byrd, Prezidan “Junior League of Miami” (Lig Jèn nan Miami) e Direktè JODI A nan “The English Center” ap prezante yon Pwoklamasyon Vil Coral Gables bay Direktris Yamila Carballo.

Mark A. Trowbridge, Direktè Egzekitif nan Chanm Komès Coral Gables ap pale avèk elèv nan Akademi Coral Gables pandan jounen sèvis li kòm Direktè JODI A.

Direktris Bowman Ashe K-8 Lisset Vasquez-Rios kanpe avèk Direktè JODI A Max Nieto ki soti nan   Herff Jones.

(Goch-dwat) Adolfo Costa Direktè Lekòl Segondè Coral Gables kanpe bò kote Direktè JODI A Carolina Rendeiro ki soti nan eMergeAmerica.

 

 

 

###

14-DGD/110/GC/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès