POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 4 novanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS PRAL FÈ EVÈNMAN LANSMAN PWOJÈ BON

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl ak lidè kominotè pral patisipe nan yon seri evènman espesyal ki ap fèt atravè Miami-Dade County pou lanse pwojè bon lekòl ki se rezilta $1.2 milya Bon Obligasyon Jeneral votè yo te apwouve an gran majorite a. Yo pral sèvi ak bon an pou modènize e konstui bilding lekòl atravè distri a, ogmante kapasite elèv, mete plis sekirite nan etablisman yo, e modènize teknoloji nan tout lekòl yo.

Pwosesis plan preparasyon konstriksyon pou modènizasyon ak nouvo bilding lekòl yo deja trè avanse. Yo enstale nouvo enfrastrikti sanfil ki ap ouvri wout pou lekòl yo avanse nan laj dijital la.

Nan pran tout avantaj anviwònman teknoloji ak aprantisaj dijital jodi a, e nan ranplase oubyen mete ajou ansyen bilding lekòl yo, distri lekòl la ap rann li posib pou tout elèv jwenn aksè sou pwogramasyon akademik dènye kri ak mezi pwotektif e sekiritè modèn.

Envènman yo pwograme yo gen ladan:

Vandredi 7 novanm 2014
9è dimaten
Miami Northwestern Senior High School
1100 N.W. 71st Street
Miami, FL 33150

Lendi 10 novanm 2014
9è dimaten            
Frederick Douglass Elementary School
314 N.W. 12th Street
Miami, FL 33136

Jedi 20 novanm 2014
9è dimaten             
Melrose Elementary School
3050 N.W. 35th Street
Miami, FL 33142

Vandredi 21 novanm 2014
9è dimaten             
Bunche Park Elementary School
16001 Bunche Park Drive
Miami Gardens, FL 33054

Lendi 24 novanm 2014
9è dimaten             
Kinloch Park Middle School
4340 N.W. 3rd Street
Miami, FL 33126

Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwojè referandòm Komisyon Konsèy Lekòl la vizite bondsforschools.dadeschools.net.

###

14-DGD/111/KD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès