POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 4 novanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

YO ENVITE ELÈV LEKÒL SEGONDÈ M-DCPS POU PATISIPE NAN “TEN80 EDUCATION STEM CHALLENGE & EXPO”

KIYÈS: 
Pwofesè Edikasyon Teknik ak Karyè, Matematik ak Syans, elèv ak pwofesè ki enterese
KISA:
Envitasyon ak Ekspozisyon “Education National STEM League (NSL)” (Asosyasyon STEM Edikasyon Nasyonal) “Ten80”
KILÈ: 

6 novanm 2014
10è dimaten – 1è nan aprèmidi

KI KOTE: 

iTech@ Thomas Edison Ed. Center
6101 NW 2nd Avenue
Miami, FL 33127

POUKISA:

Plis pase 500 elèv nan 15 lekòl segondè leta Miami-Dade County pral fè konpetisyon tout ane a pou jwenn yon envitasyon pou Final Asosyasyon STEM Nasyonal 2015 la nan Charlotte, NC, kote yo pral teste ladrès yo kont plis pase 30 ekip nan tout peyi a. Ane dènyè, elèv lekòl segondè TERRA ak Miami Springs te resevwa premye prim nan Final NSL 2014 yo.

Lekòl segondè ki ap patisipe yo gen ladan, Booker T. Washington, Carol City, Coral Gables, G. Holmes Braddock, Hialeah Gardens, iTech@ Thomas Edison Ed. Center, Jose Marti MAST Academy, Miami Beach, Miami Springs, North Miami, Robert Morgan Ed. Center, TERRA Environmental, ak Maritime and Science Technology (MAST) Academy.

Yo pral teste abilite mantal, emosyonèl ak fizik elèv yo pandan yo ap travay ann ekip pou kolabore, kreye e fè konpetisyon nan kategori pwojè tankou: kous, desen jeni ak fabrikasyon, inovasyon sou òdinatè, ak transpòtasyon dirab atravè enèji renouvlab.

Pou plis enfòmasyon sou Ten80 National STEM League Challenge ak sou plis inisyativ STEM M-DCPS, ale nan: http://stem.dadeschools.net/Initiatives.html oubyen kontakte Cristian Carranza, Direktè Administratif, Biwo Akademik ak Transfòmasyon - STEM nan (305) 995-1939.



# # #

14-DGD/113/DF/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès