POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 4 novanm 2014                        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KAT LEKÒL LETA MIAMI-DADE ANTÈT LIS
LEKÒL SEGONDÈ LETA KI PI PRESTIJYE

Daprè klasifikasyon niche.com, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) gen distenksyon pou l gen kat lekòl segondè ki nan premye 10 meyè lekòl leta nan Florid. Yo te evalye prèske 15,000 lekòl segondè baze sou 4.6 milyon opinyon ki soti nan 280,000 elèv ak paran. Yon gwo klasifikasyon montre lekòl la gen yon gwoup elèv divès, ki fè gwo akonplisman e ki klase eksperyans yo trè wo. 
 
Lekòl leta Miami-Dade County ki nan premye 10 yo gen ladan:
 
         #1     Lekòl pou Etid Avanse-Sid
 
         #3     Lekòl Segondè Coral Reef
 
         #5     “New World School of the Arts” (Lekòl Ar Nouvo Mond)

         #10   Lekòl Segondè Desen ak Achitekti  
 
Kat lòt lekòl leta Miami-Dade te nan premye 25 yo. Yo gen ladan Lekòl pou Etid Avanse-Wolfson (#11), Akademi MAST (#13), Lekòl pou Etid Avanse-Nò (#16) ak Lekòl pou Etid Avanse-Homestead (#25).

 

###

14-DGD/114/DF/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès