POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 4 novanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

***DIFIZYON FOTO***

ANVIWON 24,000 PWOFESÈ PATISIPE NAN PREMYE JOUNEN DEVLOPMAN PWOFESYONÈL KI JANM FÈT ATRAVÈ DISTRI A  

Plis pase 24,000 pwofesè ak administratè “Miami-Dade County Public School (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami- Dade County) te patisipe nan 489 sesyon premye nan de jounen devlopman pwofesyonèl Distri a, ki te fèt nan tout lekòl yo, pou amelyore pratik enstriksyonèl ki sipòte Estanda Florid yo e pwogram inovatif san parèy yo ofri nan M-DCPS.  

Biwo Akademik ak Transfòmasyon ofri yon seri opòtinite devlopman pwofesyonèl nan yon varyete domèn ki kouvri tout sijè soti nan ar, aprann li ak ekri, redaksyon ak edikasyon adilt, rive nan S.T.E.M., istwa ak edikasyon  espesyal.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap koze avèk direktè  Sant Edikasyon Adilt yo nan Lekòl Segondè Miami Jackson.

Sipèentandan Carvalho ap pale avèk prezantatè sesyon,  Andrew Berrafato, ki soti nan “DynEd International, Inc.,” ki melanje teknoloji jodi a avèk salklas demen.

Christine Rosario, fasilitatè ki soti nan Biwo Amelyorasyon Lekòl, ap fè yon sesyon nan PLC.  

Pwofesè Matematik nan Jounen Devlopman Pwofesyonèl la.

Leticia ki soti nan Divizyon Sipò Akademik ap fè yon sesyon sou Planifikasyon Efikas nan Lekòl Mwayen Paul Bell.

Vizit Jaden Eskilti avèk ansyen Edikatè Ar      M-DCPS, Alison Burrus.

Yon pwofesè M-DCPS ap resevwa fòmasyon nan “Science, Technology, Engineering, Mathematics (STEM)” (Syans, Teknoloji, Jeni, Matematik) nan sant Edikasyon Teknik ak Karyè Miami.   

Pwofesè ki ap ede pwofesè nan Lekòl Elemantè Dtè. Gilbert Porter.
Lekòl Segondè Westland Hialeah te fè yon sesyon sou Planifikasyon Efikas, fasilitatè Stephania Biddings (goch) ak Curtis Harris (ekstrèm dwat) te anseye.  Yo kanpe bò kote Direktris Westland Hialeah Giovanna Blanco, ak Asistan Direktè Beatriz Sears.

 

###

14-DGD/115/GC/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès