POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 7 novanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS ÒGANIZE EVÈNMAN LANSMAN PWOJÈ BON AN NAN
LEKÒL SEGONDÈ MIAMI NORTHWESTERN   

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Dorothy
Bendross-Mindingall, Distri 2, ak lidè kominotè te rankontre ansanm nan Lekòl Segondè Miami Northwestern jodi a pou yon lansman pwojè bon an ki se rezilta apwobasyon eksepsyonèl votè yo te bay Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a.  Yo ap sèvi avèk bon an pou modènize e konstui bilding lekòl atravè distri a, ogmante kapasite elèv, mete plis sekirite nan etablisman yo, e ofri modènizasyon teknolojik nan tout lekòl.   

Renovasyon nan Lekòl Segondè Miami Northwestern yo evalye a prèske $8 milyon, gen ladan ranplase de (2) sistèm refrijerasyon santral, repare/ranplase pyès nan sistèm klimatizè a ak kontwòl tanperati yo, ranplase enstalasyon elektrik nou seleksyone, ranplase limyè sou estann/teyat, resimante e redekore twotwa yo, ranplase poto kan baskètbòl, klotire teren, pentire deyò lekòl la, repare tiyo gaz, kanivo ak goutyè, ranplase pòt anndan ak pòt deyò e ekipman nou seleksyone, repare/ranplase plafon nou seleksyone, ranplase planche nou seleksyone,repare/ranplase alam sekirite, repare asansè e ranplase kab yo, deplase salklas pòtab e restorelokal lekòl la.       

Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall (nan mitan agoch) ak  
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho vin jwenn ak anplwaye e elèv nan Lekòl Segondè
Miami Northwestern pou evènman lansman pwojè bon an. 

 

###

14-DGD/117/DF/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès