POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 13 novanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SEREMONI PRETE SÈMAN KOMISYON KONSÈY LEKÒL LA, REYINYON ÒGANIZASYON

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid pral fè yon seremoni prete sèman pou manm Komisyon Konsèy Lekòl ki re-eli yo a 10è dimaten madi 18 novanm 2014 nan Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la, 1450 N.E. Second Avenue, Miami, FL 33132. 

Manm Komisyon Konsèy Lekòl ki pral prete sèman yo se:
Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, Distri 2
Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman, Distri 4
Madan Raquel Regalado, Distri 6
Dtè. Marta Pérez, Distri 8

Aprè seremoni prete sèman an yo pwograme yon reyinyon òganizasyon pou eli yon Chèmann ak yon Vis Chèmann pou Komisyon Konsèy Lekòl la e apwouve orè reyinyon Kominsyon Konsèy Lekòl la pou 2015.

###

14-DGD/123/DF/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès