POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 10 novanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS AP PREZANTE EVÈNMAN LANSMAN PWOJÈ BON AN NAN
LEKÒL ELEMANTÈ FREDERICK DOUGLAS  

Miami - Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, Distri 2, ak lidè kominotè te rankontre ansanm nan Lekòl Elemantè Frederick Douglas jodi a pou yon evènman lansman pwojè bon an ki se rezilta apwobasyon eksepsyonèl votè yo te bay Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a.  Yo ap sèvi avèk bon an pou modènize e konstwi bilding lekòl atravè distri a, ogmante kapasite elèv, mete plis sekirite nan etablisman yo, e ofri modènizasyon teknoloji nan tout lekòl. Pwojè Lekòl Elemantè Frederick Douglas yo evalye a $8 milyon, gen ladan demolisyon e ranplasman bilding ki la kounye a, ki te bati an 1953 e 1958, avèk yon lekòl elemantè tounèf pou apwoksimativman 300 elèv.  Nouvo kanpous la ap kòmanse avèk klas primè e entèmedyè, yon sal mizik/ar, sant medya,   zòn kuizin/pou sèvi moun, chanm pou manje/diferan sèvis, teren espò, teren simante e nouvo teren jwèt pou timoun.      

                        Komisyon Konsèy la nonmen “Zyscovich Architects” kòm achitèk ki pou egzekite pwojè a.  Konpayi a pran angajman pou l patisipe nan yon objektif “MBE/SBE” 32 pousan; de nan sou-konsiltan li yo se konpayi fi posede e gen de lòt ki se konpayi Ispanik posede.  Yo kòmanse desine plan an e konstriksyon an pwograme pou l kòmanse an septanm 2015.  Yo prevwa travay la ka fini an desanm 2016 oubyen avan.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap pale avèk elèv, pwofesè, anplwaye e lidè kominotè konsènan pwojè bon Lekòl Elemantè Frederick Douglas yo evalye a $8 milyon.

Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall (nan mitan agoch) ak 
Depite Sipèentandan/Ofisye Anchèf Fonksyònman Valtena Brown (nan mitan adwat) vin jwenn ak lidè Distri, lekòl ak kominotè pou evènman lansman pwojè bon an.    

 

###

14-DGD/124/TTR/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès