POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 13 novanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

      KONSIL POU CHANJMAN NAN EDIKASYON ONORE DIREKTÈ LEKÒL MIAMI NORTHWESTERN AVÈK PRIM LIDÈ LEONARD MILLER 2014
           POU DIREKTÈ LEKÒL

 Yo chwazi Direktè Lekòl Segondè Miami Northwestern Wallace Aristide kòm youn nan twa Gayan Meday Lò yo e Konsil pou Chanjman nan Edikasyon te onore l avèk Prim Lidè Leonard Miller 2014 pou Direktè Lekòl nan yon dine ki te fèt jodi a.  Pandan evènman an, yo te remèt Msye. Aristide $5,000 paske li se youn nan twa gayan yo e $5,000 anplis paske li resevwa Prim Lidè pou Direktè Lekòl.  

Msye. Aristide se youn nan direktè yo rekonèt atravè tout eta a pou kontribisyon ekstrawòdinè li nan domèn edikasyon.  Chak ane, Konsil la bay yon direktè ki merite l, $10,000 kòm gayan Prim Lidè a pandan l ap rekonèt Finalis Meday Lò yo pou ekselans yo nan edikasyon.
              
Depi l pran direksyon Miami Northwestern, Direktè Aristide responsab pou akonplisman k ap   suiv yo: monte lekòl la ki te gen etikèt “F” pandan 14 ane pou rive nan “A”; ogmante to gradyasyon soti nan 55 pousan rive nan 82 pousan; ogmante kantite klas Plasman Avanse soti 4 rive 14; ajoute klas anwolman doub; e kreye “The Educational Effect” (Efè Edikasyonèl), premye pwojè inivèsite-lekòl kominotè nan Miami-Dade County.
              
Pou aplike pou Prim Lidè Leonard Miller pou Direktè Lekòl, direktè yo dwe patisipe nan pwogram Konsil; dekri kijan yo te reyalize siksè akademik kòm lidè enstriksyonèl e demontre   kijan yo angaje paran, ak kominote a nan sipòte efò sa yo.

Konsil pou Chanjman nan Edikasyon se yon òganizasyon charitab ki pa la pou pwofi, e yon etablisman “Annenberg Challenge” (Defi Annenberg) nan Sid Florid ki gen objektif pou li ogmante kalite edikasyon nan eta nou an.
              
Nòt Editè a: Gade Foto Anba a         

              

  (Soti goch rive dwat)Chèmann Lekòl Leta Miami-Dade County Perla Tabares Hantman, Manm Komisyon Konsèy pou Distri 2, Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, Direktè Wallace Aristide ak Vis Chèmann Komisyon Konsèy, Dtè. Lawrence Feldman.

 

###

14-DGD/125/TC/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès