POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 17 novanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

**DÈNYE NOUVÈL**

M-DCPS AP PREZANTE EVÈNMAN LANSMAN PWOJÈ BON AN  

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl ak lidè kominotè pral patisipe nan yon seri evènman espesyal ki ap fèt atravè Miami-Dade County pou lanse pwojè bon an nan lekòl yo ki se rezilta apwobasyon eksepsyonèl votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a.  Yo ap sèvi avèk bon an pou modènize e konstwi bilding lekòl atravè distri a, ogmante kapasite elèv, mete plis sekirite nan etablisman yo, e ofri modènizasyon teknoloji nan tout lekòl.

Modènizasyon ak nouvo bilding pou lekòl yo nan pwosesis planifikasyon kounye a, an preparasyon pou konstriksyon.  Yo enstale nouvo enfrastrikti sanfil debaz, nan prepare chemen pou lekòl yo antre nan epòk dijital la.

Nan pran tout avantaj teknoloji ki genyen jodi a ak anviwònman aprantisaj dijital yo, e ranplase   oubyen mete ajou ansyen bilding lekòl yo, distri lekòl la bay tout elèv posiblite pou yo gen aksè sou pwogram akademik dènye kri ak mezi pwoteksyon e sekirite modèn.

Evènman yo pwograme yo gen ladan:
 
Jedi 20 novanm 2014
9è dimaten      
Melrose Elementary School
3050 N.W. 35th Street
Miami, FL 33142

Vandredi 21 novanm 2014
9è dimaten      
Bunche Park Elementary School
16001 Bunche Park Drive
Miami Gardens, FL 33054

Mèkredi 26 novanm 2014
9è dimaten      
Kinloch Park Middle School
4340 N.W. 3rd Street
Miami, FL 33126

Pou aprann plis konsènan pwochen vizit nan pwojè referandòm Komisyon Konsèy Lekòl la vizite bondsforschools.dadeschools.net

 

###

14-DGD/126/KD/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès