POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 17 novanm 2014  

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

***DIFIZYON FOTO***

CHÈF POLIS IAN A. MOFFETT LANSE KANPAY KONSYANTIZASYON
SOU SEKIRITE ZAM

Chèf Ian A. Moffett kòmanse Obsèvans Semèn Konsyantizasyon sou Sekirite Zam nan Lekòl Elemantè Earlington Heights.  Nan foto a (soti agoch rive adwat), elèv premye ane eskolè Antonio Bell, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dorothy Bendross-Mindingall, Direktris Linette Tellez, Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Lawrence Feldman ap li angajman pou pwomèt yo ap pran konsyans sou kesyon zam.  Tout lekòl elemantè ak sant K-8 nan distri a resite angajman an ansanm pou yo kòmanse obsèvans sa a.    

 

###

14-DGD/128/GC/CM  

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès