POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 18 novanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO CHWAZI HANTMAN, FELDMAN POU JERE KOMISYON KONSÈY
LEKÒL MIAMI-DADE

Perla Tabares Hantman, Manm Komisyon Konsèy Lekòl e Chèmann pou dènye katran ki sot pase a, li te eli senk fwa konsekitif kòm chèmann Lekòl Leta Miami-Dade County e pou ane ki pral vini an.
 
Madan Hantman di, "Mwen vle di kòlèg manm Komisyon Konsèy mwen yo mèsi pou konfyans yo gen sou mwen. Mwen ap kontinye travay akdilijans anvè byennèt tout elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County.

 Madan Hantman pral sèvi pou yon uityèm fwa sanpresedan kòm chèmann depi premye fwa li te eli pou Komisyon Konsèy 1996 pou reprezante Distri 4. Li se premye Espayòl fi ki sèvi nan plas chèmann e anvansa kòmanse an 1999 rive 2001, e chak ane konsekitif kòmanse 2010 rive 2013.

Dtè. Lawrence S. Feldman te eli pou katriyèm fwa kòm Vis Chèmann. Dtè. Feldman, ki reprezante Distri 9, te eli pou Komisyon Konsèy Lekòl an 2008.  Anvansa li te sèvi kòm Vis Chèmann an 2010 rive 2011.

Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall ak Raquel Regalado te pretesèman pou yon dezyèm manda pou reprezante respèktivman Distri 2 ak 6.  Dtè. Marta Pérez te pretesèman  pou reprezante Distri 8 pou yon senkyèm manda.

 

###

14-DGD/130/HD/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès