POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 18 novanm 2014   

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN LEKÒL YO PRAL VIZITE MEZON BLANCH POU
EVÈNMAN TEKNOLOJI PRESTIJE

Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho pral vizite Mezon Blanch mèkredi 19 novanm, sou envitasyon Prezidan Obama pou rankont ak lòt lidè enpòtan nan edikasyon pou fè deba sou tranzisyon ansèyman dijital kòm pati inisyativ “ConnectED” Prezidan an.

Spèentandan Carvalho di, “Se yon onè pou mwen dèske yo envite m pou retounen nan Mezon Blanch pou anons yon gwo mezi ki pral ede redui divizyon dijital, ki ap benefisye elèv atravè peyi a.”

Carvalho Chwazi pou li ale nan evènman an baze sou pozisyon li pran depi lontan e done enpresyonan li sou prepare elèv ak fanmi nan Miami-Dade County pou tranzisyone nan aprantisaj dijital e fèmen divizyon dijital la. Evènman an ap genyen ladan lidè ki ap soti nan lòt distri lekòl atravè peyi a pou pataje meyè pratik e pwomote teknoloji kòm zouti edikasyonèl inovatif.

Carvalho pran devan nan fasilite demand pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya ki te jwenn apwobasyon votè an grand kantite nan Miami-Dade. Bon an ap sèvi pou mete teknoloji ajou nan tout lekòl yo e enstale nouvo enfrastrikti sanfil. Mete lekòl yo ajou deja avanse pou kat (4) ane devan objektif Prezidan an pou tout lekòl vin dijital an 2018.  Bon an sèvi tou nan modènize e konstri bilding lekòl atravè distri a, e elaji kapasite elèv, e amelyore sekirite nan etablisman.

Sa fè yon dezyèm fwa nan yon semèn Carvalho pral vizite Mezon Blanch la. Li te la semèn pase kote li te pale devan Konsil Règ Domestik ki ap afekte Lekòl Leta Miami-Dade County.

 

###

14-DGD/131/DF/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès