POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 19 novanm 2014 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SENDIKA PWOFESÈ YO RATIFYE AKÒ A


"United Teachers of Dade (UTD)" (Sendika Pwofesè Dade)"ratifye yon akò salè ak benefis ki kouvri plis pase 21,000 pwofesè ak 4,600 anplwaye sipò ak anplwaye biwo "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County).

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, "Prèske 80 pousan manm sendika yo vote an favè pi gwo salè e amelyorasyon benefis sante… Sa se yon manifestasyon sipò desizif travayè yo ki pi dirèkteman enfliyanse edikasyon ak siksè timoun nou yo."

Akò a reprezante yon ogmantasyon konpansasyon total 4.3 pousan, ki gen ladan yon de (2) pousan ogmantasyon salè pwoposyonèl ak yon alokasyon en (1) pousan pou yon fwa e yon 1.3 pousan pou kenbe frè swen sante.

Komisyon Konsèy la pran an chaj yon $14 milyon ogmantasyon pou benefis sante pandan moman kote frè pou swen sante ki ogmante konsiderableman redui potansyèl chaj sou anplwaye Komisyon Konsèy Lekòl yo jiska 1.3 pousan.

Anplwaye sipò enstriksyonèl (parapwofesyonèl, ajan sekirite, ak anplwaye biwo UTD) pral resevwa tou yon ogmantasyon salè de (2) pousan plis yon sipleman en (1) pousan yon fwa.

Depans total pou pwopòzisyon salè sa a ak benefis pou toude, pwofesè ak anplwaye sipò edikasyonèl, se $40.9 milyon.

Distri a ak sendika a rive jwenn tou yon akò ki gen pou wè ak ajisteman tan e orè pou manman ki fèk akouche pou pèmèt yo rete ak pitit yo.

Yo pral prezante akò pwovizwa sa a bay Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County pou apwobasyon.


 

###

14-DGD/132/JJS/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès