POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 19 novanm 2014    

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN LEKÒL YO PATAJE SIKSÈ M-DCPS,
PREZANTE PREZIDAN OBAMA NAN KONFERANS “CONNECTED”

Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho vizite Mezon Blanch Jodi a sou envitasyon Prezidan Barack Obama, ansanm avèk lòt lidè enpòtan nan edikasyon pou fè deba sou tranzisyon ansèyman dijital kòm pati inisyativ “ConnectED” Prezidan an. Yo te chwazi li pou prezante Prezidan an akoz abilite li kòm lidè ak siksè transfòmasyon dijital nan youn nan pi gwo distri lekòl nan peyi a.

Pandan Sipèentandan Carvalho t ap prezante Prezidan Obama, li di, “Dezan de sa, nou te kòmanse konvèjans dijital pou fondamantalman transfòme strikti ak anviwònman edikasyon nan distri a… Pou satisfè bezwen enfrastrikti a, nou kolekte $7 milyon pou ajoute sou fon federal pou mete sanfil inivèsèl “Wi-Fi” disponib nan 350 lekòl kote nou te fini li ann out ki sot pase a. Ki vle di kounye a 45 milyon pye kare teren anba tonèl reyon zond trè puisan. “

Sipèentandan Carvalho te ajoute,“Nou te konnen nou dwe jwenn yon fason pou mete entènèt nan kay timoun yo. Swasant-katòz pousan timoun nou yo ap viv nan nivo povrete oubyen pi ba… Nan sosyete ki gen bonjan koneksyon jan nou konnen jodi a, okòmansman pa konekte dijitalman se yon dezavantaj edikasyonèl, e apre yon tan se yon defisi ekonomik. Limite aprann, enstriksyon ak edikasyon nan orè klòch lekòl pat sifizan.”

Carvalho pran devan nan fasilite demand pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya ki te jwenn apwobasyon votè an grand kantite nan Miami-Dade. Bon an ap sèvi pou mete teknoloji ajou nan tout lekòl yo e enstale nouvo enfrastrikti sanfil. Mete lekòl yo ajou deja avanse pou kat (4) ane devan objektif Prezidan an pou tout lekòl vin dijital an 2018.  Bon an sèvi tou nan modènize e konstrui bilding lekòl atravè distri a, e elaji kapasite elèv, e amelyore sekirite nan etablisman.

 

###

 14-DGD/133/DL/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès