POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 19 novanm 2014 

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE AKÒDE KONTRA KONSTRIKSYON POU RANPLASE LEKÒL SEGONDÈ MIAMI NORLAND

Nan reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl la jodi a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County Akòde yon kontra konstriksyon bay “James B. Pirtle Construction Company, Inc.” (Konpayi Konstriksyon James B. Pirtle) ak yon montan $ 34,270,883, ki gen ladan enprevi, pou pwojè ranplasman ak renovasyon nan Lekòl Segondè Miami Norland. Pwojè sa a, ki se sèl pi gwo pwojè yo finanse ak Bon Obligasyon Jeneral novanm 2012 votè yo te apwouve a, pwograme pou yo delivre li nan de faz, avèk premye faz la ki dwe fini an jiyè 2016, e dezyèm faz la an novanm menm ane a.  Pwojè a gen ladan ranplasman bilding 1-5, bilding 7-11 ak bilding 13, tout date nan ane 50 yo, ansanm ak renovasyon yo selekte nan bilding ki rete yo.  Yon fwa li fini, li ap gen yon total 2,130 plas elèv.  Bilding yo ap ranplase yo ap fèt pou satisfè espesifikasyon pou lekòl LEED “Leadership in Energy and Environmental Design” (Lidè nan Enèji ak Plan Anviwònmantal).

Anplis siyifikasyon li pou elèv, paran, ak anplwaye, livrezon pwojè konstriksyon sa a ap gen yon gwo enpak favorab sou ekonomi lokal la, avèk patisipasyon Entrepriz Ti Biznis lokal pou plis pase 25 pousan, patisipasyon Soutretans Afriken Ameriken pou 23 pousan, e patisipasyon antite soutretans de (2) fanm-posede ki depase 20 pousan nan pri dirèk konstriksyon an.  Konstriksyon pwojè sa a pral genyen ladan tou 20 pousan patisipasyon minimòm travayè lokal.

###

14-DGD/134/TC/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès