POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 20 novanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO, MANM KOMISYON KONSÈY MARTIN KARP, PREZIDAN FIU MARK ROSENBERG, ELÈV M-DCPS AK FIU PRAL DEVWALE APARÈY SATELIT

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Distri 3, Martin Karp, Prezidan FIU Mark Rosenberg, Elèv Sant K-8 David Lawrence Jr., Kanpous Biscayne Bay Lekòl Segondè Alonzo and Tracy Mourning, ak Kolèj Jeni Elektwonik ak Enfòmatik “Florida International University (FIU)” (Inivèsite Entènasyonal Florid)
KISA:
Elèv nan lekòl sa yo pral devwale yon aparèy satelit yo pral voye nan lespas pou yon misyon ki gen pou fèt nan lavni.
KILÈ: 
Vandredi 21 novanm, 11è dimaten
KI KOTE: 
FIU Electrical and Computer Engineering Center (ECE), 10555 W. Flagler St, Miami, FL 33174   
POUKISA:

Ide pou devlope yon aparèy satelit pou voye nan lespas kòmanse nan “David Lawrence Jr. K-8 Center (DLK8)” (Sant K-8 David Lawrence Jr.) avèk yon paran volontè, John Escobar, ki te anseye wobotik ak teknoloji nan yon klib aprè lekòl. Msye. Escobar te kontakte “Interorbital Systems” (Sistèm Koneksyon Òbit) konsènan voye yon “payload” elèv nan lespas e konvenk “Optomize, Inc.” nan Weston, Florid pou patwone pri $8,500 a. Dtè. Martin Karp, Manm Komisyon Konsèy ki reprezante Distri 3 te toujou sipòte ide a aktivman. DLK8 se premye sant K-8 ki patisipe nan konstriksyon trè konplèks yon satelit ki travay. Yo te rekrite elèv Lekòl Segondè Alonzo and Tracy Mourning Biscayne Bay ak pwogram Jeni Elektwonik FIU a pou asiste nan devlopman pwojè a. Aprè dezan planifikasyon elektwonik ak replanifikasyon, esè ak siksè avèk kominikasyon radyo, tretman ak pwogramasyon imaj, yo te fini pwojè a. Yo pral lanse satelit la ane pwochen e yo pral transmèt foto, lekti sou vitès ak tanperati pandan l ap fè wonn tè a chak 90 minit.


# # #

14-DGD/135/JJS/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès