POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 20 novanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

 * * * DIFIZYON FOTO * * *

LEKÒL ELEMANTÈ MELROSE LANSE PWOJÈ BON AN

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Distri 2, Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, ak plizyè reprezantan Distri te reyini nan Lekòl Elemantè Melrose maten an pou lanse pwojè konstriksyon Bon Obligasyon Jeneral li a.  Pwojè a, yo pwograme pou fini nan ete 2015, gen ladan yon ranplasman bilding ak gwo renovasyon tankou yon nouvo twati ak planche, ranplasman konplè sistèm HVAC, ak enstalasyon elektrik pou plizyè eleman sekirite ak limyè.

Pwogram GOB a ofri yon alokasyon total $7,014,981 e nan reyinyon oktòb li a, Komisyon Konsèy Lekòl la te komisyone konpayi achitekti KVH kòm achitèk ki anrejistre. Distri a sètifye KVH kòm yon biznis Ispanik Ameriken, fi posede e kòm yon Antrepriz Ti Biznis. Anplis, KVH angaje l ak yon bi patisipasyon sou konsiltan 10 pousan.  Lekòl Elemantè Melrose te orijinalman ouvri pòt li nan dènye ane 1940 yo, e atravè ane yo, yo te agrandi li e li te resevwa mòdènizasyon sistèm nan bilding yo te chwazi. 

Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall (mitan) ak Sipèentandan Carvalho (mitan-dwat) antoure ak anplwaye Distri pou lanse pwojè bon an nan Lekòl Elemantè Melrose.

 

###

14-DGD/136/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès