POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 21 novanm 2014   

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

* * * DIFIZYON FOTO * * *

PWOJÈ BON AN AP AVANSE NAN LEKÒL ELEMANTÈ BUNCHE PARK

Yo lanse pwojè konstriksyon “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) Lekòl Elemantè Bunche Park la nan yon seremoni lansman konstriksyon ki te fèt avèk manm Komisyon Konsèy Lekòl pou Distri 1 Dtè. Wilbert "Tee" Holloway ak Depite Sipèentandan Lekòl, Ofisye Anchèf   Fonksyònman Valtena G. Brown, ak anplwaye Distri e elèv.

Dimansyon pwojè a gen ladan ranplasman lekòl ki la kounye a avèk yon etablisman dènye kri, pou resevwa apwoksimativman 360 elèv nan jadendanfan jiska 5yèm ane eskolè.  Nouvo bilding nan ap gen espas enstriksyonèl ladan pou tout nivo ane eskolè, ki gen ladan salklas endepandan pou elèv ki gen bezwen espesyal, e espas espesyalize tankou sal pou mizik ak ar, sant medya, zòn pou manje ak kuizin/sèvis, espas pou Edikasyon Fizik, teren pou timoun jwe, teren simante e teren espò, ak pakin.

Pwojè a, yo pwograme pou fini ann ete pwochen, se yon reyalizasyon Zyscovich, Inc. ki satisfè      demann Konsil pou Bilding Etazini ki Pwoteje Anviwònman.  Lekòl Elemantè Bunche Park te ouvè pòt   li nan kòmansman ane 50 yo.  Pwogram GOB a ofri yon montan total $8,221,079 pou pwojè a.    

(nan mitan adwat) Dtè. Wilbert “Tee” Holloway ak Depite Sipèentandan Valtena Brown antoure ak anplwaye Distri pou lanse pwojè bon an nan Lekòl Elemantè Bunche Park.

 

###

14-DGD/137/HD/CM  

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès