POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 21 novanm 2014           

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DISTRI LEKÒL LA JWENN YON AKÒ PWOVIZWA AVÈK DE LÒT ÒGANIZASYON TRAVAY

“MIAMI-Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) jwenn akò pwovizwa avèk de (2) lòt òganizasyon travay semèn sa a --“Dade County School Administrators Association (DCSAA)” (Asosyasyon Administratè Lekòl Dade  County) ak “American Federation of State, County, and Municipal Employees (AFSCME)” (Federasyon Ameriken Anplwaye Eta, County ak Minisipal).

Nan kòmansman semèn sa a, manm sendika “United Teachers of Dade” te ratifye yon akò pwovizwa avèk Distri a, e Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te vote an favè akò a nan reyinyon 19 novanm li a.  Sipèentandan Alberto M. Carvalho te rapòte bay Komisyon Konsèy Lekòl yo te plase kontra tou pou anplwaye “Managerial Exempt” ak konfidansyèl distri a, e  majorite anplwaye distri a ki gen ladan direktè, asistan direktè, pwofesè, parapwofesyonèl, anplwaye biwo, ajan sekirite e anplwaye ki pa nan lekòl te sou kontra pou benefis salè ak sante.

DCSAA
Gran liy akò pwovizwa a avèk DCSAA konsènan ogmantasyon salè ak benefis sante a gen ladan:

  • Yon ogmantasyon salè de (2) pousan;
  • Yon ogmantasyon pou benefis sante, Komisyon Konsèy Lekòl la pran an chaj nan yon moman kote frè pou swen sante ogmante konsiderableman, ki redui potansyèl fado anplwaye Komisyon Lekòl jiska kat pousan.  Yo dakò tou pou amelyorasyon benefis adisyonèl pou yon valè de $1.3 milyon

Manm asosyasyon yo dwe ratifye akò pwovizwa a e Komisyon Konsèy Lekòl la dwe apwouve l. Yo pwograme ratifikasyon an pou madi 25 novanm. 

AFSCME                                                                                                               
Gran liy akò pwovizwa avèk AFSCME a gen ladan:

  • Yon ogmantasyon salè de (2) pousan;
  • Yon ogmantasyon pou benefis sante, Komisyon Konsèy Lekòl la pran an chaj nan yon moman kote frè pou swen sante ogmante konsiderableman, ki redui potansyèl fado anplwaye Komisyon Lekòl jiska kat pousan.  Yo dakò tou pou amelyorasyon benefis adisyonèl pou yon valè de $1.3 milyon

Manm asosyasyon AFSCME yo dwe ratifye akò pwovizwa a e Komisyon Konsèy Lekòl la dwe apwouve l.

 

###

14-DGD/138/JJS/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès