POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 21 novanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

***DIFIZYON FOTO***

SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO, MANM KOMISYON KONSÈY MARTIN KARP, PREZIDAN FIU MARK ROSENBERG, PATISIPE NAN DEVWALE APARÈY SATELIT

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Distri 3, Martin Karp, Prezidan FIU Mark Rosenberg, ede elèv FIU ak M-DCPS devwale aparèy salelit yo a jodi a nan Sant Jeni Elektrik ak Òdinatè FIU. Ide pou devlope yon aparèy satelit pou voye nan lespas kòmanse nan “David Lawrence Jr. K-8 Center (DLK8)” (Sant K-8 David Lawrence Jr.) avèk yon paran volontè, John Escobar, ki te anseye wobotik ak teknoloji nan yon klib aprè lekòl.  Escobar te kontakte “Interorbital Systems” (Sistèm Koneksyon Òbit) konsènan voye yon “payload” elèv nan lespas e konvenk “Optomize, Inc.” nan Weston, Florid pou patwone pri $8,500 a. Dtè. Martin Karp te toujou sipòte ide a aktivman.

DLK8 se premye sant K-8 ki patisipe nan konstriksyon trè konplèks yon satelit ki travay. Yo te rekrite elèv Lekòl Segondè Alonzo and Tracy Mourning ak pwogram Jeni Elektwonik FIU a pou asiste nan devlopman pwojè a.  Aprè dezan planifikasyon elektwonik ak replanifikasyon, esè ak siksè avèk kominikasyon radyo, tretman ak pwogramasyon imaj, yo te fini pwojè a. Yo pral lanse satelit la ane pwochen e yo pral transmèt foto, lekti sou vitès ak tanperati pandan l ap fè wonn tè a chak 90 minit.

Prezidan FIU Mark Rosenberg, elèv Johann Escobar, Dtè. Martin Karp, Sipèentandan Alberto Carvalho ak Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Lawrence S. Feldman patisipe nan evènman satelit elèv la.

 

###

14-DGD/139/DF/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès