POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 26 novanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS PRAL FÈ EVÈNMAN LANSMAN PWOJÈ BON NAN
LEKÒL MWAYEN KINLOCH PARK

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl Distri 8 Doktè Marta Pérez, manm Komisyon Konsèy Lekòl Distri 5 Susie V. Castillo, ak lidè nan kominote a te rasanble nan Lekòl Mwayen Kinlock Park jodi a pou yon evènman lansman pwojè bon yo ki se rezilta apwobasyon eksepsyonèl votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a. Yo ap sèvi avèk bon an pou modènize e konstrui bilding lekòl atravè distri a, ogmante kapasite elèv, mete plis sekirite nan etablisman yo, e ofri modènizasyon teknoloji nan tout lekòl.

Reparasyon Lekòl Mwayen Kinlock Park evalye a prèske $7.7 milyon dola ki gen ladan ranplasman twati, HVAC, kontwòl jesyon enèji, ranplasman fenèt yo seleksone, reparasyon twalèt ak plonbri, amelyorasyon oditoryòm, modènizasyon sistèm sekirite ak PA, ansanm ak pentire eksteryè lekòl la. Komisyon Konsèy Lekòl la komisyone Laura M. Perèz and Associates, Inc. kòm achitèk ki nan dosye li.  Konpayi sa a, fi posede e ki jwenn sètifikasyon distri lekòl la kòm toude, W/MBE ak SBE, pran angajman pou yon objektif patisipasyon soutretans SBE/MBE 35 pousan.  Dat yo pwojte pou konstriksyon an se prentan 2017.

Manm Komisyon Konsèy Lekòl Doktè Marta Pérez, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Susie V. Castillo ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho rankontre ak anplwaye e elèv jodi a nan Lekòl Mwayen Kinloch Park pou yon evènman lansman pwojè bon.

 

###

14-DGD/142/DF/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès